🏆 Coupe du Monde

Neymar retounen sou teren an nan Mondyal 2026 kont Ekòs

2 è ·
Neymar retounen sou teren an nan Mondyal 2026 kont Ekòs
Neymar antre nan match la kont Ekòs nan dènye jounen gwoup C a. Premye minit li nan Koup di Monn 2026 la.

Se yon moman tout moun t ap tann. Neymar Jr. leve sou ban an pou l antre nan match Brezil kont Ekòs nan dènye jounen Gwoup C nan Koup di Monn 2026 la. Se premye fwa l jwe nan tounwa sa a, aprè plizyè mwa kesyon sou sante l. Anpil moun te panse Neymar pa t ap kapab jwe nan Mondyal sa a. Blesè sou blesè te mete dout sou patisipasyon l. Men seleksyonè a te deside kenbe l nan gwoup la, paske l konnen ki sa Neymar kapab fè nan gwo match yo. Lè l parèt sou teren an, tout ekip la te jwenn yon lòt enèji. Kounye a, kesyon an se : èske Neymar ap titilè nan pwochen match la? Si l an fòm, sa ka chanje tout bagay pou Brezil nan faz eliminasyon an. Pou tout moun ki renmen foutbòl, retou Neymar nan Mondyal la se yon gwo evènman ki ka boulvèse pwonositk yo pou rès konpetisyon an.

Pataje atik sa a